Presentation is loading. Please wait.

Presentation is loading. Please wait.

Paj Tit la.

Similar presentations


Presentation on theme: "Paj Tit la."— Presentation transcript:

1 Paj Tit la

2 Kisa BYOD a Ye? BYOD se yon akwonim ki vle di Pote Pwòp Aparèy Pa Ou.
Yo defini yon “aparèy” kòm yon laptop, tablèt ki se aparèy òdinatè, netbook, notebook, e-Reader, iPod Touch, iPad, oubyen telefòn pòtab prive ou posede. Pou pwogram sa a, tèm “aparèy” la ap enkli tou nenpòt pwodwi konsa ki se pwopriyete CCPS e ke yo bay elèv yo itilize. Paj sa a adrese definisyon BYOD jan li aplike nan CCPS.

3 Pou Kisa se BYOD? Elèv nou yo se natif-natal dijital epi yo abite nan yon mond kote kreyasyon ak konsomasyon enfòmasyon ap repwodwi tout tan. Nou santi ke aksè a zouti ak resous yon rezo mondyal ansanm ak konpreyansyon pou konnen kilè ak kijan pou itilize zouti sa yo yon fason ki apwopriye e efikas se yon bagay ki enpòtan e ki obligatwa nan edikasyon chak elèv. Nou anvizaje yon anviwonman ansèyman kote teknoloji fè pati nou, pa separe de nou. Paj sa a adrese fondasyon pou mete an aplikasyon BYOD nan CCPS.

4 Se kilè BYOD pral kòmanse?
Faz 1 aplikasyon nan sal klas yo te kòmanse nan mwa out Faz 2 aplikasyon nan sal klas yo te kòmanse nan mwa janvye 2014. Adrese longè tan yo pral mete BYOD an aplikasyon nan lekòl yo. Yo pa ko detèmine ki lekòl ki pral kòmanse nan Faz 2 e kiyès ki pral kòmanse nan Faz 3 a. Faz 3 pral kòmanse nan mwa out 2014.

5 Ki lekòl ki enplike nan Faz 1 an?
Lekòl Segondè Barron Collier High Everglades City Schools Golden Gate High Gulf Coast High Lely High Lorenzo Walker Technical High Lekòl Mwayen Immokalee Middle Manatee Middle Lekòl Elemantè Golden Terrace Elementary Pelican Marsh Elementary Sea Gate Elementary Paj sa a bay lis lekòl ki enplike nan Faz 1 ki pral antre an aplikasyon nan mwa out 2013. Sèl lekòl sa yo ki nan lis la ap gen pèmisyon pou itilize BYOD pandan Pwojè Pilòt la. Andeyò lekòl sa yo tout aparèy elektwonik ta dwe fèmen e pa ta dwe vizib. Nou antisipe ke nou pral ajoute lòt lekòl alavni. Paj sa a bay atant ke pral genyen yon Faz 2 ki pral an aplikasyon nan mwa janvye 2014 epi tout lekòl CCPS yo pral patisipe nan Faz 3 a nan mwa out 2014. Faz 1 a pral kòmanse nan mwa out 2013. Faz 2 a pral kòmanse nan mwa janvye 2014. Faz 3 a pral kòmanse nan mwa out 2014.

6 Ki lekòl ki enplike nan Faz 2 a?
Lekòl Segondè Immokalee High Naples High Palmetto Ridge High Alternative Schools Lekòl Mwayen Cypress Palm Middle East Naples Middle Gulfview Middle Oakridge Middle Pine Ridge Middle Lekòl Elemantè Avalon Elementary Calusa Park Elementary Corkscrew Elementary Estates Elementary Laurel Oak Elementary Lely Elementary Manatee Elementary Naples Park Elementary Osceola Elementary Poinciana Elementary Tommie Barfield Elementary This page lists schools involved in the Phase 1 implementation August 2013. Only those schools listed are permitted to use BYOD during the Pilot. Outside these schools all electronic devices should be turned off and should not be visible. It is anticipated that additional schools will be added in the future. This slide sets the expectation that there will be a Phase 2 implemented in January 2014 and that all CCPS schools will be participating by Phase 3 in August 2014.

7 Ki lekòl ki enplike nan Faz 3 a?
Lekòl Mwayen Corkscrew Middle Golden Gate Middle North Naples Middle Oakridge Middle Lekòl Elemantè Lake Park Elementary Lake Trafford Elementary Mike Davis Elementary Palmetto Elementary Parkside Elementary Pinecrest Elementary Sabal Palm Elementary Shadowlawn Elementary Veterans Memorial Elementary Village Oaks Elementary Vineyards Elementary Lekòl Elemantè Big Cypress Elementary Eden Park Elementary Golden Gate Elementary Highlands Elementary This page lists schools involved in the Phase 1 implementation August 2013. Only those schools listed are permitted to use BYOD during the Pilot. Outside these schools all electronic devices should be turned off and should not be visible. It is anticipated that additional schools will be added in the future. This slide sets the expectation that there will be a Phase 2 implemented in January 2014 and that all CCPS schools will be participating by Phase 3 in August 2014.

8 Kijan yo pral itilize aparèy mobil yo nan sal klas yo?
Pwojè Rechèch Aparèy repons pou evaliyasyon Kolaborasyon Prezantasyon Lòt rezon enstriksyonèl e ki gen rapò ak aktivite lekòl yo Paj sa a adrese kalite aktivite aparèy mobil yo pral sèvi pou fè nan sal klas la. Aktivite yo pral santre sou pwogram ansèyman yo. Elèv yo pa dwe itilize nenpòt aparèy oubyen sèvis ki pa gen yon bi edikasyonèl pandan lè lekòl la, amwens ke yon administratè oubyen yon pwofesè ba yo pèmisyon pou fè sa.

9 Ki aparèy mobil yo aksepte?
Aparèy ki ka ale sou entènèt e ki ka konekte sou rezon san fil distri a Aparèy sa yo kapab enkli, men yo pa limite a sa sèlman: iPod Touch iPad lòt aparèy òdinatè tablèt smartphone laptop netbook e-Readers Paj sa a adrese kalite aparèy mobil ke yo aksepte. Enfòmasyon sou aparèy yo kapab fè kado disponib sou pòsyon BYOD nan sit entènèt Distri a.

10 Kijan elèv mwen an pral fè antre sou entènèt la?
Elèv yo pral antre sou entènèt la atravè rezo san fil BYOD CCPS la. Rezo sa a pral founi aksè a yon entènèt filtre epi tou yo ap gen aksè a kèk lòt sistèm ak resous Distri yo. Yo kapab siveye nenpòt ak tout aksè pou rezon sekirite rezo a ak pou pwoteksyon elèv yo. Paj sa a adrese fason aparèy elèv la pral konekte sou entènèt la ak pwoteksyon ke yo itilize. An konfòmite avèk gid direktif CIPA yo Distri a ap aplike pwoteksyon teknoloji, nan pran mezi pou itilize lojisyèl ak ki pral siveye, bloke, epi filtre aksè sou entènèt la. Anplis de sa, pwofesè ak lòt manb pèsonèl yo pral siveye itilizasyon entènèt la pandan ke elèv yo sou sipèvizyon yo. Men jan sa ekri nan RUP a (Responsible Use Policy), li enposib pou garanti ke elèv yo pap jwenn aksè a enfòmasyon ak kominikasyon ke yo menm ak/oubyen paran/responsab yo gen dwa twouve ki pa apwopriye, ki ofansif, ki devègonde, oubyen ki lage kontwovès. Paran/responsab timoun minè yo responsab pou pou tabli epi siveye nòm ke timoun sa yo ta dwe swiv lè yo ap itilize entènèt.

11 Ki kalite responsabilite yon elèv ap genyen?
Li epi adere avèk Akò sou Itilizasyon Responsab CCPS la. Aksede entènèt atravè rezo CCPS BYOD a sèlman. (Aksede entènèt atravè plan done yo tankou pa egzanp yo entèdi rezo 3G/4G yo.) CCPS pa responsab pou peye okenn done oubyen app ke yon elèv ta enstale apati yon konpayi sèvis. Paj sa a adrese responsabilite elèv yo nan pwogram BYOD CCPS la. Yo pa aksepe moun aksede plan 3G/4G (nan telefòn pòtab) sou rezo entènèt la. Konsèp sa a pwolonje tou pou app yo ap achte. Sa ta dwe mansyone la a. Yo pap mande pou elèv yo telechaje okenn app ki egzije yon frè. Pa konsekan, elèv la pral responsab pou peye nenpòt app li chwazi telechaje pou lajan. Sistèm nan pa responsab peye okenn plan opsyon. Yo pa aksepe moun itilize Teknoloji nan Zòn – tankou twalèt yo, nan kazye vestyè yo, elattriye.

12 Ki kalite responsabilite yon elèv ap genyen?
Itilize rezo BYOD CCPS la sèlman pou rezon enstrisyonèl ak pou aktivite ki gen rapò ak lekòl la. Elèv yo pa dwe itilize okenn aparèy oubyen sèvis pou rezon ki pa edikasyonèl nan lè lekòl yo, amwens ke gen yon administratè oubyen pwofesè lekòl la ki bay pèmisyon pou sa. Yo dwe itilize aparèy yo sèlman nan kote ki apwouve pou sa nan lekòl la. Elèv yo pa dwe itilize aparèy nan kote nan lekòl la ki dezinye kòm zòn ki pa pou teknoloji oubyen lòt zòn kote yo pa admèt aparèy yo. Paj sa a adrese responsabilite elèv yo nan pwogram BYOD CCPS la. Yo pa aksepe moun aksede plan 3G/4G (nan telefòn pòtab) sou rezo entènèt la. Yo pa aksepe moun itilize Teknoloji nan Zòn – tankou twalèt yo, nan kazye vestyè yo, elattriye.

13 Ki kalite responsabilite yon elèv ap genyen?
Elèv la responsab pou pwoteje kondisyon nenpòt aparèy ki ap itilize pou BYOD ki ap enkli pou mete li ajou, antiviris lojisyèl ak nenpòt lòt reparasyon. Yo ta dwe vini avèk aparèy pèsonèl yo tou chaje epi yo ta dwe kapab dire yon jou lekòl an plen san yo pa chaje. Elèv yo ap responsab an plen, e tout tan, pou pwoteje aparèy pèsonèl yo pote nan lekòl la. CCPS pa gen anyen pou li wè ak okenn pèt, domaj, oubyen vòl aparèy pèsonèl ke yo posede yo. Paj sa a santre sou responsabilite pèsonèl elèv yo pou pwoteje pwòp aparèy pa yo.

14 Ki kalite lòt liy direktif yo mete an plas pou elèv yo?
Pou klas kote pwofesè a chwazi pou itilize yon sit medya sosyal pou kominikasyon ak/oubyen devwa, sèl sit medya sosyal ki apwouve pou pwogram BYOD CCPS la se Edmodo. Okenn aparèy, keseswa pèsonèl oubyen lòt kalite, pa dwe anrejistre, estoke, oubyen transmèt nenpòt kalite imaj, son oswa videyo nan CCPS, eksepte pou pwojè ki aprouve avèk pèmisyon pwofesè a. Paj sa a adrese medya sosyal yo ak itilizasyon aparèy yo pou fè anrejistreman, ansanm ak konsekans yo ap sibi si yo itilize li mal. Yo pap mande pou elèv yo telechaje okenn app ke pral egzije yo peye. Pa konsekan, elèv la pral responsab pou peye nenpòt app li chwazi telechaje pou lajan. Pa bliye: Paran ak elèv sipoze li tout RUP a. Edmodo: Se sèl Medya Sosyal yo apwouve pou elèv yo itilize. Pèmisyon paran egzijib. Pwofesè yo dwe jwenn pèmisyon pou itilize li avèk klas la lè li soumèt yon fòm ki ap soti nan Depatman Kominikasyon Distri a.

15 Ki kalite lòt liy direktif yo mete an plas pou elèv yo?
Si gen yon kwayans rezonab ki egziste pou montre ke yon elèv vyole tèm ki figire nan Akò sou itilizasyon Responsab la, oubyen lòt règleman distri a, yo kapab enspekte aparèy elèv la epi/oubyen konfiske li. Yo kapab pouswiv pou pran lòt sanksyon disiplinè ki enplike movèz itilizasyon teknoloji a pou fè elèv la pèdi privilèj teknoloji li yo oubyen pou pran lòt aksyon swivan sa ke CCPS detèmine. Paj sa a adrese medya sosyal yo ak itilizasyon aparèy yo pou fè anrejistreman, ansanm ak konsekans yo ap sibi si yo itilize li mal. Yo pap mande pou elèv yo telechaje okenn app ke pral egzije yo peye. Pa konsekan, elèv la pral responsab pou peye nenpòt app li chwazi telechaje pou lajan. Pa bliye: Paran ak elèv sipoze li tout RUP a. Edmodo: Se sèl Medya Sosyal yo apwouve pou elèv yo itilize. Pèmisyon paran egzijib. Pwofesè yo dwe jwenn pèmisyon pou itilize li avèk klas la lè li soumèt yon fòm ki ap soti nan Depatman Kominikasyon Distri a.

16 Ki kalite responsabilite mwen genyen antan ke paran?
Pran san ou pou w li epi revize Akò sou Itilizasyon Responsab la ki afiche sou sit entènèt nan seksyon “CCPS Parent Portal BYOD” a avèk pitit ou epi endike ke ou dakò. Veye pou ke aparèy pitit ou a nan bon kondisyon pou travay epi batri a chaje chak jou. Siveye jan pitit ou ap itilize aparèy mobil yo a.

17 Kijan mwen kapab aprann plis sou sekirite sou entènèt yo?
Paran Akademi pou Paran Reyinyon Piblik Elèv Elemantè Klas sou Resous Enstriksyonèl Prezantasyon Biwo Polis pou Relasyon Jèn yo Mwayen/Segondè Videyo Enfòmasyon Pral gen reyinyon enfòmèl ak fowòm pou paran apati mwa out 2013.

18 Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?
Sit Entènèt BYOD Lekòl Piblik Collier County a Prevansyon sou Zak Entimidasyon Medya sou Bon Sans

19 Kijan mwen ka enskri pitit mwen pou BYOD a?
Antre nan “Parent Portal” sou Sit Entènèt Distri a. Chwazi BYOD. Li epi dakò avèk Akò sou itilizasyon Responsab la pou w ka enskri pitit ou nan pwogram nan. Klike sou lyen ki pi ba a pou w ka gade yon videyo ki ap bay sa pou w fè nan pwosesis la etap-pa-etap. BYOD Parent Approval Process Video Si ou bliye Idantifikasyon ou oubyen ou pa genyen youn pou antre nan “Parent Portal” la, ou ap bezwen ale nan lekòl pitit ou a pou yo ka ba ou li. Pa bliye mache avèk yon idantifikasyon lè ou ap vini lekòl la.

20 Sak pase si pitit mwen pa gen yon aparèy pou pote lekòl la?
Se pa tout elèv ki pral genyen pwòp aparèy pa yo. Distri a pral favorize aksè a entènèt atravè òdinatè ki nan klas yo ak yon kantite aparèy mobil ki limite. Elèv yo kapab kolabore avèk yon lòt elèv si sa apropriye.

21 Teknoloji Jodi a nan Men Timoun Demen yo
Prezantasyon slogan an – Teknoloji Jodi a nan Men Timoun Demen yo Teknoloji Jodi a nan Men Timoun Demen yo


Download ppt "Paj Tit la."

Similar presentations


Ads by Google