Download presentation
Presentation is loading. Please wait.
1
Pou Ki Sa Valiz Lekòl Pou Ale Lakay?
Santillana USA te devlope pwogram patisipasyon paran ki devlope langaj ak talan pou matyè lekòl yo atravè aktivite amizan, pratik kote timoun yo ak paran yo kapab amize yo ansanm.
2
OBJEKTIF VALIZ LEKÒL YO NAN LEKTI:
Rann anseyman an fasil pou konprann. Ankouraje kominikasyon. Entegre konpetans langaj ak pwogram nan sa y’ap anseye a nan itilizasyon estrateji ESOL yo Poze pwoblèm langaj, alfabetizasyon ak vokabilè akademik nan Mete aktivite pratik andiplis pou elèv yo nan lekòl la ak lakay yo
3
Ki avantaj alfabetizasyon fanmi genyen?
Li amelyore talan timoun yo nan konprann sa yo li Pousantay lekti paran ap fè ansanm ak pitit yo ogmante Kantite tan paran ap pase ak pitit yo ogmante Timoun yo vizite bibliyotèk pi souvan Pi plis timoun reyisi nan klas yo Gen plis pousantay moun majè ki pran diplòm GED yo Gen plis moun majè ki jwenn travay parapò ak lè se sèlman nan pwogram granmoun yo ye Gen mwens moun k’ap rete tann se leta ki pou lonje men ba yo Moun k’ap aprann Angle yo vin pi maton nan lang nan Fanmi yo vin pi konekte ak lekòl la e ak kominote a.
4
GRANMOUN KI PI ENPÒTAN NAN LAVI YON TIMOUN SE…
PARAN AN!!!! RECHÈCH YO MONTRE PARAN YO GEN PLIS ENFLIYANS NAN PREMYE ATITID YON TIMOUN POU LEKTI! 15 MINIT SÈLMAN PA JOU SIFI POU YON PARAN FÈ LEKTI AK PITIT LI POU TIMOUN SA A VIN TOUNEN YON MEYÈ LEKTÈ!!
6
VIDE Valiz Lekòl la “Santillana Intensive English Student Readers”
Activities with Answer key (Aktivite ak Teknik Pou Reponn Keksyon yo) Picture Dictionary (Diksyonè Imaj) Picture Dictionary Activity Book (Beginning and Intermediate) (Liv Diksyonè Imaj ki gen Aktivite - Pou Debitan ak Nivo Entèmedyè) Twa Istwa: Debitan: “Who’s Hatching Here?” “Friends” “In the Cow’s Backyard” Entèmedyè: “After the Storm” “The Golden Cage” “The Empty Piñata” Avanse: “Our Solar system - Solar System Interactive e-book” “Paco: A Latino Boy” “Celebrate Chinese New Year” Solè nou an Liv CD Pou Tande twa istwa yo
7
Fè koneksyon rapid ant vokabilè ak imaj vizyèl (paj 22 & 23)
Vokabilè Vizyèl 17 sijè / 72 ti kategori Imaj ki gen 3 fas Dan and Pam separe e detaye non, vèb ak adjektif yo
8
“At School”: Paj 1- 5 “Riddles” 4
Pèmèt elèv yo montre kouman yo grandi nan vokabilè, konpetan nan diksyonè e nan redaksyon Sijè ki nan liv aktivite yo konekte fasilman ak tèm sou syans sosyal, aktivite atistik e ak syans
10
Itilize Lektè Elèv la Lakay ou
Lè lekti a rive Chwazi yon lè trankil, kal Pa li anpil Si lekti a long, separe l. Pran yon poz, epi mande pitit ou ki sa l panse ki pral pase apre. Lè w reprann lekti a, pale sou sa ki te pase nan istwa a pou rive jis kote nou te kanpe a. Angaje nou nan dyalòg natirèl sou istwa a
11
Itilize Lektè Elèv la Lakay la
Lè lekti a rive… Pale sou istwa a, olye w’ap li Si detay yo ak istwa a parèt klè men timoun yo pa konprann tèks la, itilize imaj yo pou w fè chanjman nan istwa a Li liv yo plis pase yon fwa Ou gen plis enfòmasyon chak fwa ou reli liv la Ou ka remake bagay diferan ladann chak fwa ou reli l ankò
12
Itilize Lektè Elèv la Lakay la
Lè lekti a rive… Koute yon istwa k’ap pase sou yon kasèt – lè sa a, timoun yo kapab tande istwa a ankò (nan yon sant ekout) Ankouraje timoun yo pou yo “li” pou lòt timoun ELLs kapab santi yo pi alèz pou mande kamarad yo pou yo repete pou yo pase pou yo mande pwofesè yo
13
Ede Paran yo Kòm Lektè Paran kòm Lektè Chache liv ak pitit ou
Gen bagay chak paran kapab fè pou ede pitit yo enterese nan fè lekti: Chache liv ak pitit ou Rakonte ti kont dous oswa fabrike yo ou menm Chante. Pifò chanson yo se powèm yo fè pou chante Rakonte istwa—istwa fanmi, istwa antouraj yo, istwa lè w te timoun. Poze keksyon pitit ou a pa ka reponn sèlman avèk “wi” ou “non”—Pa egzanp: Pou ki sa w panse chen sa a ap jape? Ki sa w wè lè gade deyò fenèt la? Pale sou koulè ak fòm yo—Èske te wè pòt kle ble mwen an? Li pa ble klè tankou syèl la, men li ble fonse tankou se koulè yon inifòm lapolis.
14
Apre pitit ou fin tande ti istwa a nan lang Angle:
Fè pitit ou a tande istwa a kantite fwa li vle tande l diran tout ane lekòl la. Amize w avèk pitit ou!
15
Keksyon ak Repons
Similar presentations
© 2025 SlidePlayer.com. Inc.
All rights reserved.