Download presentation
Presentation is loading. Please wait.
Published byMatthew Barber Modified over 6 years ago
1
Sekirite Transpòtasyon nan Edikasyon Timoun Piti
Gade Anvan Ou Bloke Sekirite Transpòtasyon nan Edikasyon Timoun Piti
2
Plizyè santèn timoun yo kite san siveyans nan otomobil chak ane.
Gen nan yo ki pou kont yo pou sèlman kèlke minit oswa kèlke èdtan, epi yo dekouvri yo anvan ke yo soufri nenpòt domaj fizik grav.
3
Timoun 6 zan yo kite pou kont li nan otobis Lekòl
Long Island, NY Yon chofè otobis ki pat remake yon ti gason 6 zan t’ap domi epi te depoze otobis li nan Lendi maten te jwenn revokasyon li. Direktè operasyon konpayi bis la te di ke chofè a ak yon anplwaye lekòl la “pa te gade anndan bis la" pou te asire yo ke tout timoun te desann. Sean Feldt, 6 zan, te retounen san malè nan Lekol Cherry Lane lan apre ke anplwaye lekòl la te reyalize ke li pa t’ la. Sean, ki genyen otizèm, t’ap domi lè yo te jwenn li nan depo otobis la mwens ke inèd tan apre ke yo te depoze elèv yo nan lekòl la. Foto kredi: Newsday/Jessica Rotkiewicz
4
Kèlke nan yo te chape poul kite veyikil la, sèlman pou fè fas ak lòt risk serye.
5
Timoun 5 lane yo te jwenn ap mache bò lari
LAKE CITY, SC (WMBF) Yon chofè otobis nan Lake City te jwenn sispansyon lè ofisyèl yo te verifye yon ensidan kote yon timoun lekòl elemantè te rete nan yon otobis Mèkredi apremidi. Yon pòtpawòl pou Florence County School Distrik Twa te di ke timoun nan t’ ap domi epi pa t’ reveye lè chofè otobis la te gare otobis la nan pakin nan fen jounen an. Manman timoun lan te rele lapolis lè pitit li pa t’ rive lakay apre lekòl. Lapolis nan Lake City te di WMBF News ke elèv jadendanfan an te reveye, desann otobis la epi te kòmanse mache pou kò l’ arebò Matthews Road. Yon madanm ki rete tou pre a te pran l’ epi te rele lapolis ozanviwon 7 tè p.m. Yo te retounen l’ lakay li. Potpawòl pou distrik lekòl la te di “pwosedi ofisyèl” pou tout chofè otobis mache andedan otobis pa yo pou asire ke yo vid apre yo fin fè rout yo alafwa nan maten ak apremidi. 5
6
Kèlke nan yo soufri chòk emosyonèl grav.
7
Timoun 4 lane rete pou kont li nan Otobis Lekòl
RICHMOND, Va. -- Manman yon tigason 4 lane ki otistik te fè yon pwosè nan tribinal lè li di neglijans pa anplwaye lekòl Richmond yo lakòz pitit li te rete nan yon otobis k’ ap bouyi nan chalè. Yon chofè nan yon lòt otobis te jwenn ti gason an "ap kriye epi rele nan bis-la" lè li te pake nan yon depo avèk tout fenèt ak pòt li yo fèmen nan dat 6 Jiyè, dapre plent lan. Nan maten 6 Jiyè, 2010, ti gason an ak sis lòt timoun ke yo te vin chèche pou patisipe nan yon pwogram nan Lekòl Elemantè Summer Hill ki nan Sid Richmond. Otobis nimewo 288 te vin chèche ti gason 4 lane a vè 8:30 a.m. epi li te toujou abò lè li te retounen nan depo a vè 9:15 a.m. Yon chofè otobis ki t’ap pase te remake ti gason an ki boulvèse anndan otobis la vè 10:10 dimaten, lè tanperati deyò bis la te ant 91 ak 96 degre, selon pwosè a.
8
An mwayèn, 38 timoun mouri chak ane ak ipotèmi (eksè chalè) apre ke yo te kite yo nan veyikil a motè.
9
Timoun 2 zan mouri nan ven cho
******************************************************************************** Nan mwa Out, 2010, timoun de zan Haile Brockington pase plis pase sètèd tan pou kont li nan youn nan venn etablisman pou swen pou timoun lan, finalman li sikonbe a tanperati yo ki te monte plis pase 130 degre. Envestigatè yo te jwenn anpil fòt bò kote Katie’s Kids a la swit lanmò Haile a. Etablisman an pa t’ kenbe rekò apwoprye ak rekò prezans ak transpò ki obligatwa, epi anplwaye Katie’s Kids pa t’ fè yon baleyaj vizyèl nan veyikil gadri a anvan ak apre yo te transpòte timoun yo. Palm Beach County egzije pou yo kenbe yon rejis pou tout timoun ki transpòte nan yon veyikil sant gadri. Li gen ladan l’ non chak timoun, dat ak lè depa ak arive, siyati chofè a ak siyati yon dezyèm anplwaye ki verifye rejis chofè a. "Gen règ ak regilasyon an plas. Si minimòm yo te respekte, timoun sa a t’ ap toujou vivan jodi a”, avoka fanmi an te di. Olye de sa, timoun piti sa te mouri 5 Out apre yo te fin kite plis pase sizèd tan nan yon venn ki t’ ap bouyi ki estasyone deyò Katie’s Kids Learning Center, Delray etablisman gadri Delray Beach li konn ale a. Ak chalè a mitan ete a ki monte apik a 91 degre vè 2 zè p.m. li pa t’ ap pran timoun piti sa lontan pou sikonbe, pou kont li epi bliye, pandan li tache nan kasit la. Li te dekouvri vè 4 è p.m. pa yon lòt timoun ki t’ ap pare pou retounen lakay li nan menm bis la.
10
Kòman sa ka rive? Kò yon timoun chofe 3 a 5 fwa pi rapid ke kò yon granmoun.
11
Tanperati a Monte Dramatikman Anndan yon Veyikil ki Fèmen.
Solèy la chofe bagay yo anndan machin nan, ki yo menm retransmèt chalè epi chofe lè a. Nan 10 minit, tanperati mwayèn nan ogmante 19º. Nan 20 minit, mwayèn nan ogmante 29º. Nan 30 minit, mwayèn nan ogmante 34º Nan inèd tan, mwayèn nan ogmante 43º. (Ogmantasyon tanperati ki te mezire nan 16 dat ant 16 Me ak 8 Out, Menm ak yon fenèt ouvè “yon fant” pa te fè ankenn diferans siyifikatif.)
12
Aslyn Paige Ryan 1 Fevrye, 2003 – 7 Fevrye, 2004 Istwa yon Manman
Nan 7 fevriye 2004, Aslyn t’ ap jwe nan kizin lan ak Daddy, anvan li ale kay moun k’ ap gade tibebe a. Lè m’ te kite pou ale travay li te mare nan janm pantalon l‘ li te vle pou l’ li liv favori li sou tòti. Pi ta nan apremidi sa lavi jan nou te konnen li te fini. Yon apèl devastatris nan telefòn te di nou pitit fi nou te gen difikilte pou respire, yo te rele yon anbilans pou menmen l’ lopital. Lè nou te rive nan sal ijans timoun yo, bagay yo te pi mal ke senaryo ki t’ ap jwe nan tèt mwen deyò a. Doktè ak enfimyè yo te fè tout dilijans pou te sove lavi l '. Tanperati kò Asyln te rive nan 106 degre. Li te soufri domaj nan sèvo akòz mank oksijèn apre yo te fin kite li poukont li nan yon machin nan yon jou 85 degre. Pita li te transfere nan swen entansif pou tibebe. Apre de jou transfizyon san, tès ak medikaman, ti bebe nou an te pèdi batay li. Nou te kenbe ti zanj nou nan bra nou pandan li te mouri. 1 Fevrye, 2003 – 7 Fevrye, 2004
13
Kòman sa a fè rive? Atak chalè rive lè tanperati yon moun monte depase 104 º epi sistèm règlemantè chalè yo vin akable. Sentòm yo gen ladan yo vètij, dezoryantasyon, ajitasyon, konfizyon, apati, kriz, pèt konesans, batman kè ki rapid ak alisinasyon. Yon tanperati nwayo kò a 107 º ki abityèlman mòtèl, pandan selil yo ap domaje epi ògàn entèn yo fèmen.
14
Lanmò sa yo antyèman prevantab.
15
Men prevansyon depann de ou.
16
Prevansyon Depann De OU.
Nan pifò eta kote yo te kite timoun nan otobis oswa yon venn, lwa, règleman oswa politik te nan plas pou anpeche sa a rive. Kèlke mande pou chofè yo pran prezans; pifò mande pou chofè a "mache nan otobis la" pou asire ke ankenn timoun pa rete dèyè; kèlke gen yon "sistèm rapèl timoun" ki egzije pou chofè a mache ale nan dèyè bis-la pou fèmen yon alam apre kle a te retire nan switch machin nan. Nan pifò eta, pwogram swen pou timoun yo oblije pran prezans chak jou. Men, nou tout se imen. Nou bliye. Nou konn distrè. Woutin nou entèronp, epi nou pran chemen kout. Konsa, se kisa nou dwe fè?
17
606 CMR 7.00 Ekzije: Yon plan transpò Chofè ki byen lisansye
Chofè ak monitè yo resevwa oryantasyon Chofè ki asiyen regilyèman Prezans Enspeksyon Apre-vwayaj Nòm ofisyèl Massachusetts pou lisans lan oswa Apwobasyon Gadri Fanmi, Ti Gwoup epi Gwo Gwoup ak Pwogram Swen Gadri Laj Lekòl mande pou: Yon plan alekri pou sekirite ak sipèvizyon pou tout timoun pandan transpò Operatè nenpòt veyikil ki transpòte timoun dwe gen lisans an akò ak lwa nan Eta a; Chofè a ak nenpòt lòt prepoze nan veyikil la te resevwa yon oryantasyon nan plan transpò a; Yon chofè patikilye regilyèman asiyen a chak wout; Chofè machin lan pran prezans anvan ak apre chak vwayaj epi ap fè yon enspeksyon konplè machin lan apre chak vwayaj pou asire ke timoun yo pa rete poukont yo nan yon machin a nenpòt ki lè.
18
…yon plan transportation “general”
Gen de kalite plan pou transpò: plan pwogram jeneral Pou asire sekirite a ak sipèvizyon pou tout timoun pandan transpò, ak plan endividyèl transpò timoun yo Plan Transpòtasyon jeneral yo ta dwe adrese ki moun ki responsab pou akonpaye timoun soti nan machin yo antre nan kay founisè a oswa nan batiman pwogram lan, epi nan salklas timoun lan. Èske yo ap atann paran ki transpòte pitit yo pake machin yo epi mennen timoun yo nan kay la oswa nan pwogram lan? Si pwogram lan gen klas miltip, èske yo ap atann paran akonpaye pitit yo nan klas li, oswa èske anplwaye ap vin kontre timoun yo devan pòt la? Pou evite anbouteyaj nan pakin ak danje ki genyen nan machin k’ ap fè bak, èske pwogram lan pito ke paran yo rale moute devan pòt la epi rete tann yon anplwaye vini pran timoun yo nan machin lan? Si timoun yo rive nan otobis oswa yon venn pwogram, ki moun ki responsab pou sipèvizyon timoun yo nan tan yo desann machin lan jiskaske yo rive san danje nan salklas yo asiyen an? Èske prezans dwe pran anvan oswa apre venn lan oswa otobis la kite lokal yo? A ki lè yo ta dwe pran prezans nan sal klas la oubyen nan gadri fanmi an pou timoun yo? Ki moun ki pral responsab pou kontakte paran yo nan ka ou yon timoun pa rive jan yo espere a?
19
… yon plan transportation pou pwomnad edikatif
Plan Transpòtasyon jeneral dwe abòde tou kijan transpò ak sipèvizyon pral okipe sou pwomnad oswa sòti yo. Nan gadri fanmi pou timoun lan, èske founisè a ap gen pèmisyon pou transpòte timoun nan machin poukont li ale nan bibliyotèk la oswa nan estasyon ponpye oswa nan lòt sòti? Si pwogram lan planifye yon pwomnad epi yo ap itilize yon venn oswa otobis pou transpòte timoun yo, ki moun ki pral responsab pou sipèvize timoun yo lè yo monte nan veyikil la epi pandan vwayaj la? Pandan yo ap desann veyikil la nan fèm lan oswa pak awozwa oswa nan mize a? Ki moun ki pral responsab pou asire ke tout timoun ki sipoze ale nan vwayaj la aktyèlman monte nan veyikil la, epi ki moun ki pral responsab pou asire ke pa gen okenn timoun ki rete nan venn lan oswa nan otobis la nan fèm lan oswa mize a, lè machin nan pake pou jounen an? Ki plan yo pral mete an plas pou asire ke tout timoun ki te kòmanse nan aktivite yo tounen nan pwogram lan san danje? Li enpòtan pou ke prezans pran regilyèman epi pou yo tcheke kont yon lis egzat. Pran prezans "pa memwa" enfidèl epi riske. Men, se travay kilès li ye?
20
… yon plan transpòtasyon pou chak timoun
Kòman timoun ap rive epi ale A ki lè? Aranjman altènatif? Ranmasaj ijans? Kontak ijans? Dezyèm kalite plan transpòtasyon an se plan endividyèl la pou chak timoun, ki dekri fason chak timoun ap rive ak pati nan pwogram lan ... si se paran yo k’ap transpòte; oswa timoun yo ap rive nan otobis lekòl la; mache nan pwogram lan apre lekòl, oswa kite pwogram lan pou mache ale nan lòt pòt leson vyolon yo. Plan transpò a, ki esansyèlman se yon akò ant pwogram lan ak paran yo, ta dwe mande paran yo pou notifye pwogram lan si timoun lan ap an reta oswa absan. Malgre sa a kreye yon tikras travay siplemantè pou paran yo ak pou pwogram lan, li se yon faktè esansyèl nan evite ra - men trajik-lanmò yon timoun ke yo bliye nan yon veyikil. Plan sa a ta dwe adrese kouman timoun ou an ap abityèlman rive ak kite pwogram lan epi a lè. Plan an ta dwe genyen ladan tou aranjman altènatif, nan evènman kote transpò abityèl la pa disponib; pa egzanp, si paran abityèlman vin chèche timoun lan, men lè Madi grandmè l’ vin chèche li, plan an dwe di sa. Oswa si manman an abityèlman depoze men lè lendi papa a depoze, plan an dwe di sa. Enfòmasyon pou depoze enpòtan menm jan ak enfòmasyon pou vin chèche. Plan sa a dwe tou adrese ki moun ki otorize vin chèche timoun lan nan ka ijans, si machin manman an tonbe anpa’n, oswa granmè ta malad, oswa papa gen reta nan travay li. Finalman, plan sa a dwe endike ki moun yo dwe rele nan ka timoun lan pa rive nan pwogram lan jan yo espere a. Paran dwe rele lè timoun absan.
21
…chofè lisansye kòmsadwa
Règleman yo mande tou pou tout chofè ki transpòte timoun gen lisans an akò avèk règleman ki nan eta a. Nan Massachusetts, chofè venn ak otobis yo dwe gen yon lisans chofè komèsyal la ak yon otobis lekòl ak andòsman pasaje. Lisans la mande pou chofè yo pase yon tès ekri ak yon tès wout, epi konplete fòmasyon anyèl pou ka kenbe lisans yo. Chofè k ap resevwa yon CDL dwe demontre ke yo konprann ak konnen ki jan pou aplike pwosedi sekirite pou asire ke machin san danje; ke yo kapab epi bon chofè, yo ke yo konprann prekosyon ki nesesè pou pwoteje pasaje ke y’ ap depoze ak ranmase, soti nan trafik ak nan blesi nan otobis la oswa venn nan yo fèk kite a. Epi yo te anseye yo pwosedi ki nesesè pou asire ke pa gen okenn timoun ki rete pou kont yo nan yon veyikil. valiz li oswa kle oswa malèt li /li pa fasil pou 'bliye “ yon tibebe k’ap dòmi sou chèz dèyè a.
22
… chofè lisansye kòmsadwa
Moun ki transpòte regilyèman timoun ant lakay ak lekòl oswa gadri dwe genyen yon lisans espesyal, ki rele yon lisans 7D, menm si yo ap kondwi yon sèl oswa de timoun ki pa pou yo. Lisans 7D a egzije tou pou chofè a te pase yon tès ekri, men kounye a pa gen okenn fòmasyon anyèl obligatwa. Chofè sa yo, tou, dwe aplike prekosyon sekirite pou asire ke yo pa kite yon timoun poukont li nan yon veyikil. Yon bon sigjesyon se pou toujou mete bagay chofè a .... valiz, telefòn selilè, malèt bagay konsa .. Atè sou chèz dèyè a; epi mete nenpòt nan bagay tibebe a ... sak kouchèt, nounous, jwèt, elatriye, sou chèz pasaje devan an. Si chofè a dwe louvri pòt dèyè a pou rekipere afè li, li pa p fasil pou rate timoun nan k’ ap dòmi an.
23
…Oryantasyon Chofè ak Monitè
Plas ki bay nan bis / van? Sipèvizyon pwogram nan? Eskòte nan salklas? Tann pou yo lage lekòl? Monitè absan? Timoun absan? Paran absan? Prezans? Piske chak pwogram ap gen pwòp règleman li a ak pwosedi pou transpò règleman yo mande pou tout chofè yo ak monitè resevwa yon oryantasyon nan plan transpò pwogram nan. Plan sa a yo ta dwe adrese si yon pou kontwolè ap monte sou nenpòt / tout wout, ki sa chofè a dwe fè si kontwolè a absan; kisa w dwe fè si yon timoun pa nan estasyon li a nan tan regilyè pou ranmase l la; sa chofè a dwe fè Si paran an / moun ki responsab la pa nan estòp la pou resevwa timoun nan fen jounen pwogram nan; ki jan prezans yo dwe dokimante sou chak wout otobis? Èske timoun yo oblije gen yon plas ki asiyen nan bis-la oswa venn, oswa èske yo lib pou chwazi yon chèz diferan chak jou? Ki moun ki responsab sipèvize timoun ki ant pòt otobis la oswa venn nan ak pòt devan pwogram lan, oswa sal klas timoun nan? Èske otobis la kapab derape kite lokal yo imedyatman apre dènye nan fin lage, oswa èske chofè a dwe rete tann pou prezans yo konfime? Ki moun ki nan pwogram lan ki gen otorite pou konfime prezans ak voye divilge otobis la ale?
24
…chofè ki asiyen regilyèman
Pou minimize reta nan transpò ak erè, EEC mande pou chak bis ki gen kontra oswa wout venn asiyen yon chofè ki konsistan. Sa a pèmèt chofè a vin familye ak wout la, arè ki nesesè yo, timoun yo, epi granmoun ki otorize pou mete timoun yo nan venn lan oswa nan otobis epi resevwa yo nan fen pwogram nan. Lè gen yon granmoun ki konsistan k’ ap kondwi machin nan sa founi sekirite pou timoun yo, ki abitye wè yon figi ki familye; epi ki ede nan jere konpòtman timoun yo, menm jan tou ak sipòte timoun ki gen bezwen medikal espesyal oswa lòt. Li ta dwe tou ede chofè a remake si yon timoun an patikilye prezan oubyen absan nan yon jou.
25
…prezans Timoun Vin chè che Depoze Komantè Mikayla Brower 7:55 8:20
5:00 5:25 John Brower A Te notifye pa dispatch Karen Schmidt 8:04 5:20 Te tann timoun 4 min (a.m.) Letisha Brown 8:07 5:15 Malachai Rashad 8:11 5:11 Chastin James 8:15 5:08 Arielle James Règleman EEC mande pou chofè a dokimante epi pran kont pou chak timoun ki pwograme regilyèman pou monte machin nan. Chofè a dwe gen yon lis ki ajou de tout timoun yo ki pwograme pou roulib, epi lis la dwe mete ajou pou endike nenpòt timoun ke yo rele absan pa paran yo. La a, ankò, chofè yo pa dwe konte sou memwa pou detèmine si yo te ranmase chak timoun, oswa si yo te depoze chak timoun nan estasyon ki kòrèk la. Chofè a dwe dokimante sou yon kaye prezans lè ke chak timoun te ranmase, ak lè chak timoun la te depoze. Timoun ki te pwograme pou monte men yo rele kòm absan, oswa timoun ki pa t nan arè ki asiyen yo lè yo t’ap nan ranmase tan dwe make kòm absan. Dwe genyen yon lè oswa yon mak absan akote non chak timoun, se pou ke pa gen okenn non ki rete vid sou fèy la. Si otobis la oswa venn lan delivre timoun nan pwogram diferan, fèy prezans elèv la dwe endike tou ki pwogram ki te resevwa timoun nan. Anvan otobis la oswa venn lan pake epi kite, chofè a dwe verifye ke chak non ki gen yon lè yo te ranmase gen yon lè yo te depoze sou fèy la. Si nenpòt timoun pa gen yon lè depoze, epi chofè a te enspekte veyikil la pou asire ke pa gen okenn timoun ki rete nan bis-la ... ap dòmi oswa sou planche a oswa anba yon ban, Lè sa a, chofè a dwe rele pwogram nan kote timoun nan te dwe lage a epi detèminen si timoun lan lòtbò a. Si non, chofè a dwe kontakte paran timoun lan pou detèmine si timoun lan te monte nan bis-la jou sa a. Li posib ke chofè a antre yon lè ranmasaj bò non yon timoun ki pa kòrèk.... men sa pa ka asime. Li absoli pou swiv jiska rive detèmine ke timoun lan an sekirite. Gen kèk konpayi transpò ak / oswa pwogram swen pou timoun ki ap gen yon pwosedi ki egzije pou chofè a dwe notifye yon Dispatchè oswa direktè pwogram oswa yon sipèvizè anvan li eseye jwen timoun lan. Chofè yo dwe swiv règleman pwogram nan, osi lontan ke li klè ki moun ki ap pran responsablite pou lokalize timoun nan.
26
…enspeksyon apre-vwayaj
Règleman EEC ekzije pou ke chofè nenpòt veyikil ki opere pa oswa gen kontra ak yon pwogram pou transpòte timoun transpò dwe ranpli yon enspeksyon apwofondi veyikil la nan fen chak vwayaj pou asire ke pa gen okenn timoun ki rete nan machin nan. Sa vle di ke chofè a dwe mache kòmanse devan rive nan dèyè otobis la oswa venn nan, tcheke sou epi anba tout chèz, oswa nan nenpòt kote yon timoun ki kapab kache. Jèn timoun, sitou, gen plis chans tonbe dòmi nan yon machin k’ ap roule, epi kouche sou chèz la oswa sou planche a nan veyikil la ap anpeche ke moun wè timoun nan soti nan devan venn an an oswa otobis la. Li enpòtan pou chofè a enspekte veyikil la pa eksprè ak an plèn konsyans. Lavi yon timoun kapab an danje.
27
Dezyèm enspeksyon Chèche timoun ki absan Politik EEC Mande :
Jan sa te note pi bonè, chak lè ranmasaj ak depoze timoun yo, ak absans timoun yo dwe note sou yon kaye transpòtasyon chak jou. Anplis chofè a dwe konplete yon enspeksyon apre-vwayaj anndan machin lan. EEC règleman egzije ke yo ranpli yon dezyèm enspeksyon pa yon monitè oubyen yon lòt moun asiyen pou verifye ke pa gen okenn timoun ki rete sou veyikil la. Alafwa chofè a ak revizè a dwe siyen jounal pasaje a, ki endike garanti pèsonèl yo ke pa gen okenn timoun ki te rete dèyè. Anplis, si yon timoun yo t’ap tann pa rive nan pwogram swen pou timoun nan machin transpò abityèl li, founisè lisansye a dwe konplete yon rechèch konplè pou timoun lan, nan kontakte founisè transpò a, paran timoun lan, moun kontak ijans timoun nan , ak sistèm gadri fanmi oswa òganizasyon umbrella, jiskaske lokasyon timoun lan kapab verifye epi dokimante.
28
Politik Transpòtasyon
Fè paran konfime plasman timoun nan otobis/van. Asiyen yon plas ki konsistan. Kenbe rout la ak routin lan. Rele nan fen voyaj la. Anplis pwosedi ke règleman EEC yo mande, patwon yo kapab gen pwòp pwosedi transpòtasyon pa yo ke yo atann chofè pral swiv. Lòt pratik ki ka ede anpeche erè yo enkli: Mande paran yo pou mete inisyal nan kaye vwayaj la lè pitit yo monte nan machin lan; Asiyen epi mentni yon plas ki konsistan nan machin lan. Kenbe wout la, menm si w konnen davans ke yon timoun ap absan. Chanjman nan woutin souvan kontribiye a mezavanti… Rele nan fen wout la pou verifye ke bis la oswa venn lan vid.
29
Plan Transpòtasyon ak Pwosedi
Anplwaye pwogram k’ap resevwa eskòte timoun de veyikil la anndan batiman an Konfime prezans anvan transpò deplase Eskòte timoun anndan salklas yo Konfime prezans nan salklas Yon fason pou pwoteje timoun kont "erè moun", nou dwe gen pwosedi transpò ki gen ladan yo chèk miltip - plizyè opòtinite pou korije erè nou yo, epi Kenbe timoun yo ansekirite. Kèk nan pwosedi sa yo gen ladan yo demann pou anplwaye nan pwogram k’ap resevwa al kontre otobis la oswa venn epi eskòte timoun yo soti nan veyikil la ale nan bilding lan. Anplwaye yo dwe gen yon lis ki ekzak sou timoun yo espere k’ap rive chak jou e yo ta dwe verifye si t yo tou prezan oswa kontabilize anvan veyikil la kite lokal yo. Memwa pa ase. Nan fè anplwaye pwogram lan verifye prezans bay yon pwosedi sovgad nan ka chofè a pa sonje pou tcheke otobis la oswa venn lan, oswa nan ka pwogram ou a pa Denye arè van lan. Sa a se yon pratik enpòtan ak itil, menm si otobis la oswa venn lan gen yon monitè regilye nan machin lan. Apre ke tout timoun yo kontabilize, yo ta dwe akonpaye yo nan salklas yo kote pwofesè klas ta dwe pran prezans ankò kont yon lis aktyèl timoun yo ap atann. Sa a bay yon dezyèm sovgad nan ka yon oswa toulède nan pwosedi anvan yo te neglije.
30
Di yon Bagay! Transpòtasyon ka pa responsablite ou, men sekirite timoun yo nan pwogram se! Si ou remake ke gen yon timoun ki absan epi yo pa t’ avèti ou davans, di yon bagay! Pa sipoze ke timoun lan lakay li ak yon rim, oswa ke manman an deside pran yon jou vakans epi te menen l’ nan zou. Mande direktè ou a, sipèvizè w, oswa sistèm gadri fanmi an si yo te pale ak paran timoun lan. Si non, rele paran an, oswa asire ke sipèvizè w fè sa. Asire w ke yon moun gen je sou timoun sa a. Ou ka sove lavi yon timoun.
31
Resous Adisyonèl Timoun ak Machin: www.KidsAndCars.org
Administrasyon Nasyonal Otowout Sekiri Sikilasyon: Be Car Safe: Pou enfòmasyon adisyonèl sou timoun ak machin, epi ti konsèy sekirite pou paran, ale nan resous sa yo.
32
Self-Assessment and Certificate Document
Beat the Heat Flyer
Similar presentations
© 2025 SlidePlayer.com. Inc.
All rights reserved.