Download presentation
Presentation is loading. Please wait.
Published byJada Marshall Modified over 11 years ago
1
Preparasyon pou siklòn Se ou menm ki plis reskonsab sekirite tèt ou!
2
Preparasyon pou siklòn Apre yon gwo siklòn, pare w pou w depann de tèt ou sèlman pou omwen 3 jou. Yo pral voye sekou, men sa ka mize.
3
Preparasyon pou siklòn Gouvènman Lee Konnti Lee County a vle pou w pare sizoka yon move tan ta menase pase nan zòn sid wès Florid la.
4
Preparasyon pou siklòn Enfòmasyon sa a pral ede w pwoteje fanmi w ak kay ou nan ka yon siklòn vin ap pase nan Lee Konnti Lee County.
5
FÈ YON PLAN ! Se pou w konnen ki danje ki menase sekirite w van fò Gwo lanm lanmè inondasyon dlo dous yo Chèche yon kote ki pi an sekirite si w oblije evakye Ale nan Abri piblik si w pa gen okenn lòt kote pou w ale Preparasyon pou siklòn Anvan tanpèt la rive
6
Sèvi ak kouvèti espesyal oswa ak materyo pwoteksyon pou bouche pòt yo ak fenèt yo Rantre tout mèb lakou, bwat fatra ak tout lòt bagay lejè anndan Si otorite yo pase w lòd pou w kite kay ou, fè sa tousuit Pinga w janm rete nan kay ki fèt nan izin si leta mande w soti
7
Preparasyon pou siklòn Anvan tanpèt la rive Kore pòt koulisant yo nan ray yo Mare pòt garaj la Plen tank machin ou ak gaz Fèmen tank gaz manje yo epi mare yo byen Plen basen twalèt la ak veso yo ak dlo pou fè twalèt ak netwayaj Mete frijidè a sou tanperati ki pi frèt la
8
Preparasyon pou siklòn Anvan tanpèt la rive Achte plizyè pil de rechanj pou radyo yo, flach yo ak jwèt timoun yo Si w rete lakay ou, mete anpil manje ak dlo nan kay la pou ka ijan Achte glas anplis oswa sere plis glas. Konsève 3 sachè pou chak moun si gen ase plas Blòk glas ap rete pi lontan pase glas kraze oswa kib glas nan tèmòs
9
Preparasyon pou siklòn Anvan tanpèt la rive Fèmen dlo, kouran ak gaz si leta di n fè sa Re achte medikaman doktè preskri w yo Mete dokiman enpòtan yo nan sachè plastik Fè aranjman pou pwoteje bato ou Cheche kote met bèt kay ou genyen. Yo pap asepte yo nan refij yo. Bèt ki rann moun sèten sèvis espesyal, y ap kite yo antre anndan refijo yo
10
Preparasyon pou siklòn Anvan tanpèt la rive Prepare sa bèt sa yo ap bezwen tou – bèt ou gade lakay ou oswa bèt ki rann moun sèvis espesyal
11
Preparasyon pou siklòn Pandan tanpèt la ap pase Rete nan yon espas ki nan mitan kay la, tankou yon pandri oubyen yon saldeben Pa pwoche kot pòt yo ak fenèt yo Suiv radyo, televizyon oubyen Radyo Meteyo NOAA a de prè pou w ka tande bilten ofisyèl yo
12
Preparasyon pou siklòn Pandan tanpèt la ap pase Rete anndan kay pandan tanpèt la ap pase, menm lè mitan siklòn nan fin pase Evite sèvi ak aparèy elektrik ki konekte nan kouran
13
Preparasyon pou siklòn Apre tanpèt la fin pase Rete lwen jiskaske otorite yo di pa gen danje pou w retounen Tcheke kay ou pou wè si pa gen danje Pa soti nan lari san nesesite oswa pou w al gade sa k ap pase nan zòn nan
14
Apre tanpèt la – Rekoneksyon kouran an Konpayi elektrik yo gen plan detaye pou yo rekonekte kouran an pou ou. An jeneral, y ap bay kouran an dapre priyorite sa yo, youn apre lòt: 1.Izin elektrik yo, liy transmisyon kouran wot tansyon yo ak ti estasyon kouran yo. 2.Liy prensipal ki pote kouran nan enstitisyon piblik k ap bay sèvis enpòtan yo. 3.Lòt liy prensipal k ap rekonekte kouran pou plis kliyan nan ti kras tan ki pi kout la. 4.Rekoneksyon kouran nan katye yo (blòk-pa-blòk).
15
Preparasyon pou siklòn Prekosyon ak dèlko PA JANM fè yon dèlko mache anndan kay Tout dèlko pwodui monoksid kabòn (CO) ki ka touye moun Monoksid kabòn pa gen ni koulè, ni odè, ni gou Pou plis sekirite, enstale yon aparèy pou detekte monoksid kabòn
16
Preparasyon pou siklòn Prekosyon ak dèlko Pa konekte dèlko ou nan sistèm elektrik kay ou, amwenske ou gen yon switch transfè Ploge aparèy yo dirèkteman nan plòg dèlko a Sèvi ak ralonj solid yo di ki bon pou moun itilize nan lakou Pa konekte twòp bagay sou dèlko a yon sèl kou
17
Preparasyon pou siklòn Prepare bagay ou bezwen yo Rad de rechanj ak soulye solid Lajan likid, pyès idantite ak papye enpòtan Medikaman preskripsyon ak linèt de rechanj Atik espesyal pou granmoun aje oswa pou moun nan gwoup ou a ki andikape (aparèy pou ede moun ak founiti espesyal)
18
Preparasyon pou siklòn Prepare bagay ou bezwen yo Yon galon dlo pa jou pou chak moun pou 3 jou pou pi piti Manje ki pa bezwen kuit Veso ki ka sèvi yon sèl fwa pou kuit/sèvi manje Ouvrebwat ak kle kola ki pa elektrik Atik pou tibebe: manje, kouchèt, poud, eks
19
Preparasyon pou siklòn Prepare bagay ou bezwen yo Radyo pòtab ak pil de rechanj Flach ak pil ak anpoul de rechanj Telefòn kay (ki mache menu lè pa gen kouran) Sache plastik pou met fatra Founiti pou bèt ou gade lakay ou oswa pou bè ki rann ou sèvis espesyal
20
Preparasyon pou siklòn Ale nan abri Se pa tout abri ki ouvè pou tout evènman Chache konnen lokal plizyè abri tou pre kay ou Suiv radyo ak televizyon pou w ka konnen ki abri ki ouvè Ka gen transpò disponib: Sou wout espesyal otobis Litchwenn yo Atravè pwogram abri pou moun ki gen bezwen espesyal (telefone 533-3640 pou information)
21
Preparasyon pou siklòn Rete nan abri LOPITAL YO SE PA ABRI PIBLIK Si w gen bezwen medikal espesyal, al enskri nan Pwogram Abri Li Konnti genyen pou moun ki gen bezwen espesyal yo Rele 533-3640 pou w ka mande plis enfòmasyon sou Pwogram Abri pou moun ki gen bezwen espesyal yo
22
Preparasyon pou siklòn Sejou nan kote moun pare move tan Bèt moun gade nan kay pa kab al kote moun pare move tan amwenske kote w prale a asepte bèt moun Kontakte Biwo ki kontwole ijans yo pou yo ka ba w enfòmasyon koute moun pare move tan ki asepte bèt kay
23
Preparasyon pou siklòn Sejou nan kote moun pare move tan Bèt ki rann moun sèten sèvis espesyal, y ap kite yo antre anndan refij yo Pa vin ak bwason alkòl, pa vin ak zam Yo pa pèmèt moun fimen nan kote moun pare move tan yo
24
Nimewo telefòn enpòtan Lee Konnti Lee County Sant Operasyon Sekou 533-3622 Liy dirèk pou enfòmasyon sou tanpèt477-1900 (lè yo mete l an mach sèlman) Enfòmasyon United Way 211 (nenpòt bagay) Lakwa wouj 278-3401 Sèvis anbilans335-1600 Salvation Army(Ame di sali)278-1551 Depatman Sante Piblik332-9501 Sèvis pwoteksyon bèt533-7387
25
Nimewo telefòn enpòtan Biwo chèf pou fè respekte lalwa Cherif Lee Konnti 477-1000 Lapolis Kep Koral 574-0606 Lapolis Fòt Mayèz 338-2160 Lapolis Sanibèl 472-3111 Polis otowout Laflorid yo 278-7100 Pwason ak bèt sovaj332-6966 Laflorid Gadkòt amerikèn463-5754
26
Nimewo telefòn enpòtan Lopital Lopital Health Park Medical Ctr.433-7799 9981 Health Park Circle, Ft. Myers Lopital Lee Memorial Hospital332-1111 2776 Cleveland Avenue, Ft. Myers Lopital SW Florida Regional Med Ctr.939-1147 2727 Winkler Avenue, Ft. Myers LOPITAL YO PA ABRI PIBLIK
27
Nimewo telefòn enpòtan Lopital Lopital Cape Coral Hospital574-2323 636 Del Prado Blvd., Cape Coral Lopital Lehigh Regional Medical Ctr.369-2101 1500 Lee Blvd., Lehigh Acres Lopital Gulf Coast Hospital768-5000 13681 Doctors Way, Ft. Myers LOPITAL YO PA ABRI PIBLIK
28
Pou plis enfòmasyon ٭Telefone Administrasyon Sekou Lee Konnti nan (239) 533-3622 ٭Ale nan yon seminè sou siklòn nan kominote a. (Telefone nou oswa tcheke sit wèb nou an pou w ka jwenn yon orè) ٭Lee revi ki rele Gid Pou Risk la, ( Telefone nou oswa tcheke sit wèb nou an pou w ka mande yon kopi) ٭Entènèt: www.Lee-County.com oswa www.LeeEOC.com/
29
Suiv kanal televizyon sa a pou w ka tande nouvèl ak nouvo enfòmasyon Sant Operasyon Sekou Lee Konnti Lee County ap bay san rete.
Similar presentations
© 2025 SlidePlayer.com. Inc.
All rights reserved.